En Direct | Premye Okazyon | 16 Mars 2022

Votre vidéo commence dans 20
Passer (5)
La méthode pour  vendre des produits 10 fois plus chers

Merci ! Partagez avec vos amis !

Vous avez aimé cette vidéo, merci de votre vote !

Ajoutées by admin
53 Vues
Premye Okazyon | 16 Mars 2022
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).

Les titres
1.- Yon kesyon ki prewokipe majorite popilasyon an atrave diferan sekte nan lavi nasyonal la.
Pou seten moun, pa gen okenn volonte politik reyel bokote gouvenman Ariel henry a pou kwape zak bandi yo.
Pou kategori sa ekip ki sou pouvwa kontan fenomen ensekirite ki genyen nan peyi a piske lap fasilite yo rete sou pouvwa pandan kek tan piske ak sitiyasyon sa elekyon ap difisil pou oganize nan peyi a.
Plizye lot mande yon aksyon kelektiv ou byen yon revey nasyonal lakay sitwayen yo pou finalman konbat fenomen ensekirite jeneralize sa ki genyen nan peyi a .
Nap gen poun swiv yon dosye ak Johnny Ferdinand

2.- Apre bandi fin atake 7 bus ki fe traje potoprens ak rejyon sid peyi a ,sendika chofe ki asire traje gran sud peyi a deside kanpe travay jedi 17 mas 2022 a.
Objektif grev sa se pou mande gouvenman pran dispozisyon pou asire sekirite tout moun kap frekante zon sud kapital la ki depi kek tan sou kontwol keg zam .

3.- Bandi yo libere dokte Pierre Boncy,jounen madi a , apre fanmi an fin bay yon kantite lajan.
Kanta Dr Michel D’Alexis li toujou nan men ravise yo.
Neg ak zam ki abiye ak inifom lapolis te kidnape yo 2 mas pase a ,nan klinik yo, zon Riyel Berne,potoprens.
Pou pwoteste kont zak kidnapin yo asosyasyon medsen ayisyen yo tanmen depi lendi 14 pou rive meredi 16 mas la,yon mouvman grev nan lopital ak klinik yo pou fose leta pran mezi pou kwape zak bandi yo.

4.- Lapolis nasyonal nan dezyem vil peyi a demantle yon rezo gang ki tap opera nan shada 1,yon bidonvil ki twouve li nan rantre ESt vil kap ayisyen an.
Nan kad entevansyon sa 7 endividi arête ,2 zam sezi ,2 motosiklet ak yon kantite minisyon .Gang shaa 1 an ki espesyalize li nan zak brakaj agresyon,vol ak zam te gen nan tet li yon seten Das ki rive chape pandan lapolis te rive sou plas nan baz yo.

5.- ganizasyon Pèk kap lite OPL salye mouvman pwotestasyon sitwayen nan Plizyè Katye nan zòn metropolitèn nan tanmen depi kek Jou Pou denonse fènomèn kidnapping nan. Sepandan Danio Cyriac kwè sa pa sifi , se tout sektè ki pou leve kanpe pou rive debarase peyi a de fènomèn sa a.
Pòt pawòl pati politik fanmi Lavalas Jodson Dirogène sou bò pal kwè sèl yon leve kanpe jénéral kap pèmèt popilasyon an derasinen flewo sa a.
Danio Cyriac ak Jodson Dirogène kwè li lè li tan pou tout sektè konprann nesesite ki genyen pou mete tèt yo ansanm pou pou frennen machin ensekrite a

6.-Sekrete jeneral RDNP a , Erick Jean- Baptiste diskite ak prezidan ti res sena jounen madi a.
Diskisyon yo dewoule sou demach senate yo pou ta oganize yon gwo woumble kap mete sou yon menm diferan aktè yo ,yon fason pou jwenn yon konsansis pou asire yon pi bon gouvenans leta pandan peryod tranzisyon an.
Nan sikonstans lan sekretè jeneral RDNP a felisite inisyativ biwo ti res sena ki enplike nan pwosesis pou jwenn yon solisyon nan kriz politik la.

Rédaction : Peterson LUXAMA.
Réalisation et mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.
Catégories
Cours de Batterie & Percussions

Ajouter un commentaire

Commentaires

Soyez le premier à commenter cette vidéo.