En Direct | Premye Okazyon | 06 Avril 2022

Votre vidéo commence dans 20
Passer (5)
La méthode pour vendre en vidéo

Merci ! Partagez avec vos amis !

Vous avez aimé cette vidéo, merci de votre vote !

Ajoutées by
54 Vues
Premye Okazyon | 06 Avril 2022
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).

Les titres
1.- Ki kote diferan ako politik yo pase ? Ki kote gwo dyalog ou byen konsansis lajman laj dives sekte nan peyi a ak kominote entenasyonal la tap pwone a pase?
Ariel Henry ak ekip li se yo menm sel ki kapab reponn ak kesyon sa yo ,dapre seten pwotagonis.
Siyate ako Montana-Pen estime premye minis la pa montre okenn volonte pou rezoud kriz politik la.
Bokote pa li ,prezidan sena ,Joseph LAMBERT kwe Ariel Henry se prensipal anpechman ak pwosesis dyalog la.
Ki avni pou Ariel Henry ak gouvenman li an?
Eleman repons ak Johnny FERDINAND.

2.- Aktè politik yo toujou nan enkapasite pou rive jwenn Yon solisyon nan Kriz politik la kap Vinn pi konplike chak jou.
Siyatè Akò Montana ak 11 sektanm yo di yo regrèt Jiskaprezan poko ka gen Yon konsansis ki jwenn pou rive debloke peyi a . Mèt Arnel Rémy ak André Michel kontinye kwè dyalòg se sèl mwayen pou rive soti ak Yon pwopoziyon sòti Kriz lajmanlaj.

3.- Manm Biwo swivi akò Montana a mèt Arnel Rémy profite denonse movèz fwa Premye minis Ariel Henry fas ak Kriz sila a.
Kowodonatè kolektif ansyen depite nan opozisyon an Vikerson Garnier mande tout gwoup politik ki te siyen ako 11 septanm nan pou yo desolidarize yo ak gouvenman Ariel Henry a.
Ansyen Depite Tyòt la ,kalifye de echek total gouvenans Ariel Henry pandan plis pase 8 mwa depi li pran tet leta.

4.- Sekrete jeneral sendika lopital jeneral la bay leta ayisyen jiska vandredi 8 avril pou komanse respekte ansanm pwomes yo te fe sendikalis yo ki sot pase anviwon yon mwa nan yon grev san limit.
Si non yap pase yon lot vites nan mouvman pou kontinye egzije pi bon kondisyon travay ,dapre Alda Bien –Aime ki di li regret jiska madi 5 avril la anyen paf et pou ta pemet aktivite yo reprann nan pi gwo lopital leta peyi a.

5.- Apati jounen mekredi a dekana tribinal premye enstans Pòtoprens la transfere nan lokal tribinal seksyon sid , jan CSPJ ekzije sa.
Administratè tribinal la Ki déjà komanse ranmanse zafè Li , fe konnen desizyon sa pral pemet dives syej oganize annatandan dekolalizasyon definitif palè jistis Pòtoprens.
Nap raple sa gen Lontan depi tribunal la pa fonksyone akoz zak ensekirite yo , sitou sou bisantne a.

6.- Plizye lekol nasyonal kontinye ap fonksyone nan yon seri lokal ki preske kraze oubyen anba tonel.
Nan yon konferans pou lapres,regwoupman direkte lekol nasyonal yo denonse sa yo konsidere tankou tankou tris reyalite.
Seten nan etablisman eskole sa yo pa gen yon espas pou baye elev yo yon premye swen.
Ekolye yo blije ale byen lwen si yo ta gen yon bezwen fizyolojik.
Jean-Paul Lundi ap gen pou di nou plis nan yon repotaj.

7.- Ministe ekonomi ak finans siyen jounen madi a ,3 ako finansman ak bank mondyal nan domen edikasyon ,agrikilti ak transpo.
Pwoje sa yo se rezilta koperasyon ant ayiti ak bank mondyal ,dapre minis ekonomi ak finans la , Michel Patrick Boisvert.
Nan domen edikatif ,yon montan 90 milyon dola prale nan fe pwomosyon yon edikasyon ekitab ak dirab an ayiti, yon total 262 lekol prime ap benefisye pwoje nan kad pwoje sa,dapre minis ekonomi ak finans la.

Rédaction : Peterson LUXAMA.
Réalisation et mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.
Catégories
Cours de Chant

Ajouter un commentaire

Commentaires

Soyez le premier à commenter cette vidéo.