Men Ki Batay Laprès La Te Livre Sou Duvalier. Ki Sa Sa Itil Nou Jodia?

Votre vidéo commence dans 10
Passer (5)
cash machine v4

Merci ! Partagez avec vos amis !

Vous avez aimé cette vidéo, merci de votre vote !

Ajoutées by admin
93 Vues
Jean Dominique, Michel Soukar, Victor Benoît, Philippe Jean-François, ak Carlo Désinor pale sou wòl laprès ayisyen nan batay pou demokrasi an Ayiti pandan rejim Jean-Claude Duvalier a. Soukar bay yon blag: li deklare jounalis pa t konnen pandan peryòd sa a si yo te ka di "lapli ap tonbe," paske si ou di ki pwoblèm lapli ap bay, sa vle di w ap kritike gouvènman an paske li pa okipe travo piblik. Envite yo mete aksan sou laprès pandan peryòd 1972-1978, pandan swadizan "liberalizasyon" gouvènman Duvalier a. Pandan peryòd sa a, te gen Radyo Ayiti nan radyo epi Le Petit Samedi Soir nan laprès ekrit, asasina Gasner Raymond (jounalis Le Petit Samedi Soir), debi laprès ofisyèl , atanta sou Pastè Luc Nérée, epi asasina Ézéchiel Abélard ak Auguste Ténor. Yo mete aksan sou lefèt ke alòske te gen gwo jounalis koni ki te viktim pandan epòk sa a, te gen anpil ti korespondan tou, "ti sòlda enfòmasyon," ki te mouri tou, epi pa gen pèsòn ki pou sonje non yo. Nan lane 1977, anbasadè Etazini Andrew Young te vizite Ayiti; konsa gouvènman Duvalier te oblije pran pòz li t ap respekte dwa moun pou rejim nan te ka kontinye jwenn èd nan men gouvènman Carter la. Men se te yon pretèks, yon komedi, paske menm lè gouvènman Duvalier a t ap fè kòmsi l ap liberalize, Jean Valmé te lanse yon konplo kont Radyo Ayiti ak Jean Dominique (Dominique eksplike koze sa a an detay). Pandan peryòd 1978-1980, jounalis Ayiti yo pa t timid ankò. Yo te fè repòtaj sou tout kalite tò botpipèl ayisyen t ap sibi (pa egzanp repòtaj Radyo Ayiti sou sityasyon Kayo Lobos epi repòtaj Konpè Filo ak Jacques Price te fè nan Nòdwès), sou min bòksit Reynolds, sou represyon peyizan Latibonit yo. Epi se pandan peryòd sa a yo te sèvi avèk revolisyon sandinis nan peyi Nikaragwa pou pale sou Duvalier san yo pa nonmen non Duvalier a -- yon gwo taktik mawonaj. Jounalis ayisyen yo te pale kreyòl deplizanpli nan radyo. Jou 28 novanm 1980, kèk jou aprè eleksyon Ronald Reagan Ozetazini, rejim Duvalier a te eseye kraze laprès endepandan lan nèt. Se sa k fè nan lane 1982, anpil jounalis radyo te anonim, pou yo pa sibi menm kalite represyon jounalis Radyo Ayiti ak Radyo Metwopòl te sibi. Radyo Solèy, yon radyo katolik, te pran mayèt la pou kontinye fè travay jounalis dankèt. Men nan lane 1982 tou, gouvènman an te arete yon layik katolik ki rele Gérard Duclervil --
Jean Dominique, Michel Soukar, Victor Benoît, Philippe Jean-François et Carlo Désinor discutent du rôle de la presse haïtienne dans la lutte pour la démocratie, sous le régime de Jean-Claude Duvalier. Soukar plaisante en disant qu’un journaliste ignorait, durant cette période, s’il pouvait annoncer qu’il pleut, parce que si on indique les problèmes causés par cette pluie, cela pourrait être considéré comme une critique du gouvernement qui ne s’occupe pas des travaux publics. Les invités ont mis l’accent sur la presse durant la période 1972-1978, durant la soi-disant libéralisation du gouvernement Duvalier. Cette période a vu le travail de Radio Haïti comme radio, du Petit Samedi Soir dans la presse écrite, l’assassinat de Gasner Raymond du Petit Samedi Soir, l’émergence d’une presse gouvernementale comme Le Nouveau Monde, l’attaque contre le pasteur Luc Nérée, les meurtres d’Ezéchiel Abélard et Auguste Ténor. Ils signalent que si des journalistes connus ont été victimes durant cette époque, de nombreux autres, les petits soldats de l’information, sont morts aussi, mais leurs noms sont ignorés. En 1977, l’ambassadeur Andrew Young est arrivé en Haïti et le gouvernement Duvalier a dû prétendre respecter les droits humains pour continuer à recevoir l’aide de l’administration Carter. Mais il s’agissait d’une facade. Alors que le gouvernement Duvalier se « libéralisait », Jean Valmé préparait la répression contre Radio Haïti et Jean Dominique (ce que Dominique explique en détail). Durant 1978-1980, les journalistes haïtiens deviennent moins timorés. Ils font des reportages sur la situation terrible des boat people, sur les mines de bauxite de la Reynolds, sur la répression des paysans de l’Artibonite. Ils utilisent également la révolution sandiniste au Nicaragua pour parler, sans le nommer, de Jean-Claude Duvalier. Les journalistes s’expriment de plus en plus en créole à la radio. Le 28 novembre 1980, quelques jours après l’élection de Ronald Reagan aux États-Unis, le régime Duvalier frappe la presse indépendante. Raison pour laquelle en 1982, la plupart des journalistes préférent l’anonymat pour ne pas subir la même répression que les journalistes de Radio Haïti et Radio Métropole. La radio catholique, Radio Soleil, continue cependant le journalisme d’enquête. Mais en 1982, le gouvernement fait arrêter un laïc catholique, Gérard Duclervil, pour montrer à l’Église progressiste les limites à ne pas dépasser.
Jean Dominique, Michel Soukar, Victor Benoît, Phillipe Jean-François, and Carlo Désinor discuss the role of the Haitian press in the struggle for democracy in Haiti during the regime of Jean-Claude Duvalier.
Catégories
Cours de Batterie & Percussions

Ajouter un commentaire

Commentaires

Soyez le premier à commenter cette vidéo.